Ti koze sou BITKÒB ak Lygens Joseph 💵

Home » Altcoins » Ti koze sou BITKÒB ak Lygens Joseph 💵
23 avril 2023 by
Ti koze sou BITKÒB ak Lygens Joseph 💵

 139 total views,  2 views today

Bitkòb, se yon monè nimerik ke BRH ki se Bank santral Ayiti ap lanse.

Nou ka di tou, yon monè dijital oubyen elektwonik.

Nou dwe konnen ke Bitkòb pa yon kriptomonè. Poukisa?
Paske li pa itilize blockchain. Bitkòb se yon MNBC (Monnaie Numérique de Banque Centrale)

Ki lòt diferans ant bitkòb ak yon kriptomonè?

1 – Yon kriptomonè se yon lajan vityèl ki desantralize. Sa vle di ou pap pase pa yon enstitisyon de kontwòl pou fè tranzaksyon yo. Se 2 moun kap fè tranzaksyon an ki konsène (sof pou stablecoin yo tankou usdt). Tranzaksyon sèlman pase pa blockchain nan. An anglè, yo rele sa peer-to-peer.

Tandi ke yon monè nimerik tankou Bitkòb ap depann de BRH. Se fòm nimerik lajan fidisyè ki rele goud la. Kidonk li santralize. Tout tranzaksyon yo ap pase pa BRH anvan li rive jwenn destinatè a. Se BRH ki kontwole tranzaksyon yo.

2- kriptomonè yo poko legal alòske depi yon monè nimerik (MNBC) deyò, li tou legal. Tout moun oblije aksèpte l. Ti machann tankou gwo machann. Kriptomonè ap pran ti tan toujou pou l demokratize.

  1. Pou kounya kriptomonè plis espekilatif tandi ke yon MNBC a se yon mwayen pèman nòmal e ki pap volatil tankou yon kriptomonè.
  2. Nenpòt moun ka emèt yon kriptomonè alòske se sèl bank santral ki ka emèt yon monè nimerik (MNBC).

Ki diferans ak lajan anliy nou itilize sou unibank online oubyen sogebankin pa egzanp?

Lajan anliy nap itilize yo pa MNBC paske pou li MNBC, fòk se BRH kap kontwole l’ san Bank komèsyal yo pa entèvni via sistèm pèman tankou viza/mastercard pa egzanp.

Pou konnya gen anviwon 80 peyi kap eseye mete MNBC sou pye. Lachin ap avanse ak pa l la depi jiyè 2020. Li rele e-yuan. Faz pilòt la kòmanse lontan nan 4 vil chinwa. Inyon Ewopeyèn, Laswis ak Larisi kòmanse ak pwojè pa yo tou. Swèd nan faz eksperimantal tou.

Bitgoud la pral bay avantaj pou tranzaksyon yo fèt rapid rapid paske yo pap pase pa bank komèsyal ki pral nan pran plizyè jou pou trete tranzaksyon yo.

Sepandan ou pap remake diferans lè wap fè tranzaksyon ant yon MNBC ak yon lajan òdinè/klasik ki anliy. Wap jis genyen pou w itilize yon aplikasyon ke BC la ap mete disponib.

Lòt avantaj la sè ke, tranzaksyon yon lajan nimerik pa ta dwe gen frè transfè menm jan li ye ak lajan klasik ke bank komèsyal yo itilize a.

Lajan nimerik kreye apati de moman yo remake kriptomonè kòmanse bay pwoblèm.

Lòt avantaj li se :

  • Jere lajan espès/cash kap disparèt tout tan sou mache a
  • konbat dega ak menas kriptomonè prive vin fè nan souvrènte sistèm tradisyonèl la;
  • Limite pouvwa prestatè prive yo sou mache a.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

© Copyright 2023. CryptoNewsHaiti